Rutshelle & Roody..yo tou 2 sanble jwenn nouvo lanmou…gen konpetisyon wi laa…(nou gen foto yo)!!!!

Rutshelle & Roody..yo tou 2 sanble jwenn nouvo lanmou…gen konpetisyon wi laa…(nou gen foto yo)!!!!

Bon! Kom ou deja konnen Rutshelle ak Roody pa ansanm ankò e depi lè sa bagay yo tèt anba pou tou de atis yo. Dènyèman, Rutshelle te bay yon entèvyou avèk Tele Image kote li te deklare ” Jounen jodia..menm si’m jwenn Roody gratis, mwen pa bezwen sa ankò’‘, Rutshelle te di.

..mwen pa bezwen lire live sa ankò, mwen li liv sa deja..mwen li l”. Depi lè sa, tout 2 atis yo ap veye lòt pou wè sa kap fè pi bèl mizik, pi bien depoze sou sèn stage yo, epi sa ki pral genyen pi bèl/pi beau nouvo zanmi ki posib pou vin tou tounen minnaj.

Gade foto sa yo anba dim kiyès ou panse ki fè pi bon chwa a, si youn nan nouvo zanmi-pre sa yo ta vin(e gen dwa deja sa) minnaj pou lòt? Roody avèk yon ti dam ou wè l avè l lan (nou poko konfime nom li), yon sous nou di yo rele l Suzie?… oubyen Rutshelle avèk J-Beatz?

Roody & Suzie
Roody & Suzie
Rutshelle & J-Beatz
Rutshelle & J-Beatz

 

Comments

comments