Bedjine ak Kadilak Visa swadizan refize renouvle pou fwod

Nou fenk ap aprann dosye koup pouvwa HMI la, Bedjine ak Kadilak, ki mete tout fanatik an mod chokan. Dapre sous nou yo, anbasad Etazini an Ayiti a refize renouvle Viza Bedjine ak Kadilak ki swadizan ekspire.

Pou rezon ki poko ka konfime, koup HMI la (Bedjilak) te resevwa Viza pou yo al jwe Etazini sou petisyon yon djazz ki rele ‘KREYOLLA’, dapre sa nou aprann. Kote pwoblem nan ou mande?

Ebyen, Dapre lwa Etazini, le ou aplike pou Viza Atis la yo rele ’01B Visa’ sa, ou dwe bay tout laverite. Nan ka de atis sa yo, Bedjine ak K-Dilak, yo swadizan pa janm jwe pou djazz Kreyolla ki te fe petisyon pou yo vin Ozetazini pou yo kapab jwe.

Sa vle di, pou imigrasyon, konpayi mizik yo te deklare yo pral travay pou li a, se pa li yo dekouvri.

Nouvel sa fenk ap soti nan anvlop li, nap retounen ak plis enfomasyon nan yon lot atik. Pa bliye sipote nou sou tout rezo yo.

Wap Konn Joj Anko

Comments

comments