Rezon reyèl ki fè Jean-Jacques Pierre kite Seleksyon Nasyonal la

Pierre reponn a kritik li yo:

Mwen sezi pou’m we kijan yo enteprete retou mwen an France pandan Seleksyon Nasyonal la t ap kontinye jwe koupdo a. Mwen pap ekri pou m jistifye yon konpotman ki sanpousan lojik, byen chita nan konsyans mwen, e ki te nan entere ekip nasyonal la. Mwen ekri sa n ap li a la paske mwen we gen moun k ap ekri sa ki pa laverite ditou e gen lot ki melanje teknik, pwoblem disiplin ak pwoblem lasante m. Alaverite, mwen te gen 2 gwo pwoblem: youn pesonel ki te konsene jenou dwat mwen, e yon lot ki te konsene disiplin an dedan seleksyon an.
Preparasyon ekip la te byen pase. Malgre defet nou te fe fas a Trinidad, nou te we ke kalite yo te la pou nou fe sipriz la. Men endisiplin ak manke antrene dega te deja ap nui gwoup la. Kom kapiten e kom granfre mwen te eseye pale ak toutmoun pou nou te pran sa pi o serye.

Pandan tout staj lan tout ekip la te konnen jenou mwen tap anfle paske depi lem rive Bradenton nan lakou Florida se a kote mwen komanse preparasyon an, avek yon pwogramm preparate fizik la te fe pou mwen espesyalman pou ranfose jenou an. Le gen 2 seans, mwen te oblije fe twa. Mwen pat jwe match 6 a 1 an paske jenou m potko pre. Le’m fe demach poum fe yon tes (cyber) pou jenou an, laboratwa a te mande’m yon preskripsyon dokte siyen. Malerezman M pa t jwenn yon dokte ki pou fel, paske nou pa t gen dokte avek nou! Mwen rele dokte ekip mwen an France ki dim fok mwen fe tes la kanmenm. Antrene ak dirijan yo te okouran! E se sa ki fe mwen te kontinye ap pran risk sou jenou an!

Se sacrifis ki fem te jwe match Panama a. M te sere dan m pandan tout match la. Apre sa jenou an te vin pi malad. M pa kwe le m te gen 22 zan m tap ka jwe jan m te fe l lan paske se eksperyans mwen ki te pemet mwen kontwole efo mwen sou teren an. Pandansetan, dokte Henry te vin rive, li te konnen medikaman pou l te ban mwen an men li pa t genyen l nan trous li. Le sa a mwen reyini tout jwe yo pou m eskplike sitiyasyon m. Dokte an France, dirijan nouvo ekip mwen dwe siyen kontra avek li a pa sispann rele m pou m antre an France al pran swen. Se avek youn nan yo m tap pale le seyans video a. Antrene a te konnen m patap ka jwe nan match Etazini an.  Mwen te aveti antrene a ke m patap ka rete, ni dirijan seleksyon yo tou. Jounen jodia ekip mwen te an diskisyon avek li an poko dako siyen kontra an ave’m akoz se sitiyasyon jenou mwen. Kidonk m panse se yon mechanste pou moun ap di ke m pat fe tout sacrifis m te kapab fe pou seleksyon peyi’m. M ta renmen konnen kiyes nan fre Ayisyen m yo ki t ap dako pou m rete ap gade ekip la k ap jwe pandan jenou mwen ap pouri? Eske sa tap pote yon plis pou ekip lan vre?

Men pou’m sense avek nou jiskobou, Seleksyon an te chaje ak pwoblem endisiplin vre, notamman jwe kap pote fanm nan otel fe nuit anvan match, neg kap soti andeyo de gwoup la, elatriye…

Mwen te pale ak jen yo antan ke kapiten, men tou antan ke gran fre an plizye fwa. Mwen gen 15 lane karye entenasyonal e mwen nan fen karye mwen, eske se pa devwa’m pou’m pale ak Donald Guerrier ki chaje lavni devan l? Wi, li chaje talan, men si li vle rive pi lwen fok mwen fe l sonje ke se disiplin kap mennen l kote li vle ale a. E, m pran ekzanp Donald lan menm jan mwen te ka pran Tiga, Meshack, Jeff osinon Duckens Nazon ki mennen nou nan kadefinal la.

Kidonk, wi se vre mwen te fache ak pwoblem endisiplin ki te genyen nan gwoup la. Mwen patap janm dako pou fanm ak zanmi jwe ap rantre soti nan chanm otel ekip lan. Men, m ap repete l anko, se pa sa ki rezon ki fe mwen pa ak ekip nasyonal lan jounnen jodi an. Banm raple nou ke mwenmenm le’m te jen sa te rive’m ke antrene te pran sanksyon kont mwen paske m te fe dezod. Se konsa mwen pa t jwe yon match kont Cuba. Kidonk,  mwen konprann ke ti dezod la ka fet men fok gen sanksyon ki pran tou. Mwen te pran leson mwen, m konn sa disiplin fe pou mwen nan karye’m, m konn sa li ka fe pou jen patne foutbole Ayisyen parey mwen yo, kisa li ka fe pou tout ekip nasyonal nou yo. Lem te yon ti jen nan seleksyon an kapiten Bruny Pierre Richard te pale ak nou tout jen yo, sete devwa l, menm jan sete devwa pa’m pou’m te pale ak tout ti jen ki chaje avni nan ekip lan.

Mwen te kapiten seleksyon an pandan lontan e mwen te kapiten FC Nantes, SM Caen tou an France, kidonk mwen konprann wol yon kapiten. Si jenou mwen te anfom mwen tap rete nan seleksyon an e mwen tap kontinye fe presyon sou staf teknik lan pou yo bay sanksyon nesese a tout jwe ki te nan dezod yo. Men le mwenmenm m pa ka monte teren an akoz de pwoblem sante, m paka mande antrene a pa kite yon lot monte pou rezon endisiplin.

Mwen pa soti nan ekip la joure aka pyes moun. Coach Marc Collat te menm ekri’m yon teks mesaj pou remesye’m e se ak menm respe a m te reponn li.

mesaj ak jak ak collat

 

Si’m te ret nan ekip lan, m tap plis yon pwa pou gwoup la ki tap kreye tansyon ki pa tap nan avantaj ekip lan. Mwen se yon grenadye nan tout fon ke’m e se pa ti pwoblem endisiplin zot ki tap fe mwen kite peyi’m nan batay. Ann sispann ak pale anpil sou depa mwen ak pa Jeff lan e an nou tout kole zepol deye ekip lan an bon sipote! Grenadye Alaso!

 

 

Comments

comments