Lapolis Florid Nan Pompano Beach Arete Yon Nèg Ayisyen pou 2 jèn tifi li molèste.

Lapolis Pompano Beach Arete Fanel Etienne pou zak sèks li fè sou de jèn tifi

Pompano Beach, Florida: Yon timoun 11 ans di lapolis ke Fanel Etienne, 36, toujou konn vizite lakay li souvan e li te konn ap fe seks avek li depi l te gen 9 ans. Nan rapò  polis lan, ti fi an di Etienne promet li pou l mennen l nan store, lap achete, ”chips, soda ak candy(sirèt) pou li si’l pa di moun sa’l te fe sou li an.

Dapre sa nou aprann anko, te gen yon lot tifi ki gen 8 ans seulman ki di Etienne te konn manyen’l tou, menm kenbe Etienne ak lot tifi 11 ans sou kabann. Apre tout prev sa yo te fin asemble paske plizye moun te vin konn bagay la, finalman Etienne paret nan tribunal kote jij John Hurley refize ba li >>bond<< pou zak seks li fe sou timoun ki anba 12 ans. Kounyea Etienne fe fas ak chaj molèstè kote li kapab jwi rès lavi nan prizon si yo jwenn li koupab.

SunSentinel te pibliye video Etienne ki devan jij la nan jail la. Klike lien sa pou kapab al gade videyo a:
http://www.sun-sentinel.com/news/crime/sfl-child-sex-arrest-video-20150729-premiumvideo.html

Comments

comments