Nouvo chaje kont yon ansyen Florida Polis Ofisye ki ak SIDA.

Greenacres, Fla: Nouvo chaj depoze kont yon ofisye lapolis lokal envestigatè di ki te konnen li te enfekte ak maladi HIV, men toujou te ap fè sèks san pwoteksyon ak plizyè fanm, dapre sa WPBF NEWS rapote.

mariaj lak adKounyea twa lot fanm te vini devan leta akize ansyen Greenacres Ofisye Ervans Saintclair pou sèks li fè ak yo san l pa di li teste pozitif pou HIV.

Viktim Alegasyon li yo kounye a total a senk. Daprè sa envestigatè di, Saintclair te fè sèks ak senk fanm antre 2006 a 2013.

Envestigatè te sèvi avèk dosye medikal pou yo detèmine ke Sainclair te konnen li te kontrakte viris la epi pa fè anyen pou avèti patnè li yo. Otorite yo te arete l nan janvye 2014, men yo lage l apre li afiche kosyon.

Madi a, Otorite arete Sainclair anko. Li ap fè fas twa adisyonèl chaj pou transmisyon kriminèl de HIV.

Okòmansman Depatman Polis Greenacres te sispann Sainclair san yo pa peye l. Depatman an te vin arive pran  plis aksyon epi tèmine li nan dènye ete ki sot pase a.

Sous: WPBF

www.wapkonnjojanko.com

Comments

comments