HAITI: DCPJ remèt ti frè fantom lan bay lapolis etazini…men pou ki sa yo ap akize l…. !!!!!

HAITI: DCPJ remèt ti frè fantom lan bay lapolis etazini…men pou sa yo ap akize l…. !!!!!

UPDATED/Ajoute: December 12: BREAKING NEWS kap soti an Haiti. Daprè nouvèl yon sous lokal nou ap fè konnen, DCPJ ak lapolis Etazini te fè pati nan yon kad operasyon  kote DCPJ te debake lakay Fantom, kraze biznis li ak plizyè bagay nan kay la.

Daprè nouvèl la, lapolis Etazini te gen yon manda pou ti frè Fantom lan, Caselin Darinus, yo ap akize ki te fè patisipasyon nan yon zak ki lakoz youn mouri, youn blese.  Fantom sanble poko okouran de sak tap pase a, oubyen li fè komsi li pat konnen, ki fè li reaji ak yon mesaj sou Instagram ki di ke se bagay politik ki fè yo kraze lakay li ak biznis li. Li te menm joure Michel Martelly ak Jovenel Moise, dapre atik sa: http://wp.me/p6qPJK-lE

Rezon ki fè yo lanse operasyon an se paske yo di ti frè Fantom lan, Caselin Darinus, 23, te avèk Junior Volcy nan yon kay yo te kase kote yo te sove epi kite youn mouri, youn blese. 2 viktim yo ki te nan kay la se Walson Alcide , ak Nelson Collin.  Alcide pran katouch nan lestomak, li mouri sou sèn lan, Collin te al lopital pou yo trete l pou katouch li te resevwa nan vant li. Aprè zak lan, Caselin Darinus te depòte tet li Ayiti, ki fè DCPJ debake lakay Fantom jodia pou yo te arete l.

Darinus deja nan men lapolis Etazini apre yo te fè ekstradisyon pou li nan menm jou a. Koulye la li deja nan Palm Beach, Florida ap tann chaj li.

What do you think about this?

 

 

Comments

comments