Andre Berto di TMZ Floyd Mayweather pat vle kanpe batay avè l ”Mwen pat konnen mwen te sipoze mete soulye poum vin kouri”

Kòm ou deja ka konnen Mayweather popilè depi lontan pou fason li batay nan boksè.

Mayweather fè nòt 49-0 apre li te fin bat Berto pa desizyon inanim samedi swa ki te 12 septanm nan andedan MGM Grand nan Las Vegas.

Men apre tout bagay fini, Andre Berto pa te trò kontan pou jan Floyd Mayweather tap plede kouri; pa vle kanpe pou l batay avèk li.

”Mwen pa t ‘konnen mwen te gen pou’m mete soulye tras samedi a”, Berto di TMZ Sports. ” Mwen te oblije fè yon pakèt  kouri dèyè l”

Anpil moun te wè batay la e panse Berto ki soti Winter Haven, Florida fè anpil efo pou l eseye batay ak Mayweather. E dènye batay Mayweather avèk Pacquiao te anba menm akizasyon an.

”Se konsa’l ye” Berto ajoute. ” Li kouri alantou, li kenbe’w, li fè tout kalite bagay, men tout moun kapab wè mwen reyèlman ba li yon batay”

Mayweather konnyea di li fini avèk boksè, men plizyè moun ap di lap tounen pou ‘l ka eseye pran 50-0 a.

Comments

comments