Lapolis arete yon neg poutet li klike ”LIKE” sou foto ansyen minnaj li ki vyole lòd ”rete lwen’m” fanm nan te plase

April Holland nan Pittston, Pennsylvania te akòde yon lòd nan tribinal kont ansyen konpayon-li, Justin Bellanco, 26, apre swadizan li te chita ap swiv li ak zanmi li yo, epi menm menase l lap tire l’ nan jenou pou l te kapab gade l kap soufri.  Holland te ale nan plas City Hall la Lendi a, li di Lapolis Ballanco klike LIKE sou 22 foto ak videyo nan paj Facebook li an, ki Vyole lòd entèdiksyon an.

Pandan Holland ap kite plas City Hall la, Swadizan li wè Ballanco ap mache pase l. Lapolis te kanpe Ballanco pou mande’l ki kote l ‘tap soti. Li te reponn ke li tap mache soti lakay li a, e Lapolis di ki pa okenn tou pre City Hall la.  Fanm lan Holland ap viv jis 100 yad de City Hall la.

Yo te Arete Ballanco apre yo lage l kan’l te fin peye $5,000 Bond.

Ars ki se yon lot sit nouvel te kesyone Bellanco de sak te pase a, e li te reponn ak pawol pal. ”..yo te post ki te aktyèlman poste sou miray Facebook mwen an…anyen mwen LIKE parèt sou Facebook li….nou pat zanmi sou Facebook epi mwen te planifye efase kont mwen an e’m te vle sere kèk photo mwen te vle konsève….. Mwen LIKE anpil bagay pandan’m te deyò pou lè m rive lakay pou’m te ka jis ale nan lòg aktivite a poum jwenn sam te vle konsève yo pi fasil….malerezman li jwenn notifikasyon de mwen ki LIKE kèk foto li te atenn(TAG) nan yo…mwen pat konnen si li tap resevwa notifikasyon akòz lefèt  ke nou pat zanmi ankò…e mwen pat ka retire TAG li nan post yo.

Ballanco te tou reponn ak akizasyon ke li tap planifye pou l choute Holland nan jenou li, ki lakòz tout bagay sa. ”…epi mwen pa janm, menm yon fwa te menase ke map choute l…mwen pa konn kote li soti ak tout pawòl map choute l nan jenou pou’m ap gade l kap soufri…sa fè yon mwa de sa, li te pran zam mwen sou kabinèt la….lè m tap eseye pran zam lan nan men’l, li te ap flote’l tout kote epi vire l sou direksyon mwen avèk dwèt li sou deklanche a. Mwen te oblije rele polis epi fè polis yo retire l lakay mwen an, mwen soupriye yo pou yo pa peze chaj sou li paske mwen jis te vle pou yo fè l kite pwopriyete mwen…epi pandan 4 mwa ki sot pase yo, li bat mwen byen bat epi ankò mwen rele polis pou li pou yo retire l lakay mwen an epi mwen toujou pat peze chaj kont li….men pou janm wè lap aji mwen vreman regrèt kite l fè tout bagay sa yo san’m pat peze chaj….mwen pa janm leve men sou li e li fè m mal anpil pou fason lap aji konsa.

Nan Amerika li plis fasil pou la lwa pran pawol yon fanm ke gason ki lakoz anpil inosan nan prizon.

Pataje istwa sa.

 

 

Comments

comments