Pri Lanmou: Yon fanm peye $9 milyon dola pou retire minnaj li nan prizon pou dwòg

Nan Fevriye ki sot pase a, anpil moun anviron Etazini te jwe popilè loto ki rele ”POWERBALL” la. Chans pou Marie Holmes, 26 zan, 4 timoun epi l poukont li te genyen $188 milyon dola loto a.

Lè’w fin genyen yon fòs lajan konsa, li fò’w panse ak sa ki plis impòtan pou ta regle avè’l. Men se pa sak te nan lide Holmes, ki abite nan  North Carolina, USA.

Rapò a rapòte aprè kèk jou li fin jwen lajan an, Holmes poste $3 milyon dola pou retire minnaj li ki rele Lamarr McDow ki te chita nan prizon ap tann jou pou l fè fas avèk chaj ‘DWÒG’. Lapolis te arete McDow pou 8, 000 ons sache dwòg ki pote nom ”Heroin” nan posesyon li.

Sa poko anyen. Holmes te asepte pou l touche $188 milyon dola a yon sèl kou; pou l jwen $127 milyon dola, kan’l fin peye tax sou 127 la, li te arive touche $88 milyon dola. Yon $100 milyon dola defisi.

Avan sa, Holmes te anonse li ta pral peye ladim li epi sere kòb kolèj pou pitit li yo.

Nan mwa ki sot pase a, Lapolis antre lakay Marie Holmes lan vin arete minnaj li a ankò pou vyole li vyole libète pwovizwa li a. Polis te vin nan kay la pou kouvrefe li vyole, anmenm tan yo jwenn yon zam nan kay la ki pat sipoze nan posesyon li, plis dwòg ankò.

Sa arive lakoz Marie Holmes depanse yon adisyon $6 milyon dola pou li mete nèg li deyò ankò. Total $9 milyon. HolmeS te reponn ak kritik li yo sou ABC’s ”Good Morning America” facebook page. Men sa li te di:

“What Y’all need to be worried about is Y’all money and not how I spend mine this is benefitting Y’all how? And no he’s no drug dealer or user but who are Y’all to judge anybody? I will definitely pray for Y’all because it’s much need…they talked about Jesus so I’m not surprised Y’all are talking about me but be blessed though,”

Kreyol? ” Sa ki pou enkyete nou se lajan pa nou, se pa kijan’m depanse pam nan. Ki jan sa pra l benefisye nou? Epi li pa yon machann dwòg oswa konn pran dwòg, men ki moun nou ye pou jije nenpòt moun? Mwen priye pou nou paske nou byen bezwen sa…yo pale de Jezi, sa pa sipriz mwen nap pale de mwen tou, men antouka, ke Bondye beni nou.”

Marie Holmes after winning in February
Marie Holmes after winning in February

Pa gen dout ke yon moun ap toujou fè tou sa yo vle ak lajan yo. Lè ou reyèlman gade nan lòt bò a, gen plizyè moun ki reyèlman fè kèk bagay fou pou lanmou; menm touye moun. Pafwa lè ou wè moun ki ap kritike yon bagay ou panse wap fè ki dwat, li ka ba ou yon dezyèm panse ki fe’w pran yon lòt wout ki kapab ede’w e menm sove lavi’w.

Tout jan nou gade sitiyasyon sa, $9 milyon dola pou lanmou te ka rive nenpòt moun ki reyèlman damou paske se pa lajan an pou wè. Yo toujou di’w se lè’w nan difikilte wap konnen si ou gen zanmi. Nou pa di pou sè Marie Holmes pa depanse lajan’l jan’l vle, men nou swete’l kontinye ak sa li te promèt yo avan li pedi ni sak ni krab.

Yo di Holmes te fiyanse men poko marye.

Listen to the report by WWAYTV3:

Pataje atik sa ak zanmi’w

www.wapkonnjojanko.com

Comments

comments