Prezidan Martelly siyal plis betiz pou lè Sweet Micky tounen 2016

Nou fèk koumanse gen pwoblèm

Prezidan Martelly retounen ap fè nouvel ankò apre li anonse ke li gen entansyon pou retounen nan mizik apre li fin desann pouvwa a kom prezidan D’Haiti.

Pandan l te nan yon kanpay sou plateau central, S.E.M Michel Martelly di sa pap yon pwoblem pou l pase politik la sou kote epi rezime aktivite li yo avan’l te prezidan, apre le 7 Fevriye 2016.

Prezidan du Kompa a te kite machin li sou [parking] pou’l gouvene Ayiti depi 2010 e se menm le sa group lan te koumanse tonbe. Kèk fanatik sanble pa dakò avèk  desizyon prezidan D’Haiti a pran pou retounen devan sèn nan pou ap itilize mo betiz ki pou mete [legacy] li anba pye pèp D’haiti.

Sweet Micky gen dwa te vann zouti li, men li pa bliye metyel. Mizik kouri nan san li. Menmsi anpil moun deja panse li pap ka jan l te ye a ankò, ”El Michel” di li kapab pwouve ke li pa t ‘wouye e ka demontre ke li pat pèdi pye l.

Men piblik lan te deja we sa tap fèt. Se te jis yon kesyon de ki Lè? Depi nan koumansman administrasyon Martelly a, li te parèt kom yon prezidan entimide, trè fè tèt di. Antre Jen ak Jiyè ki sot pase a, Sweet Micky te deja kanpe ”Tèt Kale” pou jan’l te okipe afè depòtasyon ki kontinye ap fèt de Sendomeng a Ayiti, ak move respè li te rann yon fanm ki te nan yon kanpay nan Miragoane ki te kont li sou fason lap dirije peyi a. Fanm sa te entèwonp prezidan an plizyè fwa avan li te lage deyèl avèk pawòl sa yo. “Cheri! Al nan raje a non pou yon nèg al fè bagay avèw . Saw genyen ou bat djòl ou konsa devan an? M vin la pou’m pale avèw, fok ou tande. Si se bagay ou anvi fè, gen yon mi la, pran yon nèg vole mi an pou li al ronfle boudaw, bouzen. M pa konn pè fi non, m’ka fè bagay avèw sou podium nan wi. Mwen, c voup tchoup, m’pa nan rans non. Oh ooo, fanm nan ap rele la san rete wi. Gadonw fanm“, prezidan te di nan yon kanpay pou PHTK.

Fanatik Kompa yo ap pare yo pou Sweet Micky tounen chofe Haitian Music Industry(HMI) a ankò.

 

Comments

comments