Prezidan Federasyon Foutbol Ayisyen an mande 6 milyon goud pou preparasyon eliminatwa Mondyal 2018 La

Daprè sa Doktè Yves Jean Bart, ki se Prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an di, Seleksyon an ap bezwen 6 milyon goud pou yo fè preparasyon eliminatwa mondyal 2018 lan.

Antre 4 Septanm pou 8 Septanm Seleksyon National la gen pou l jwe 2 match avèk peyi Lagrenad pou twazyèm faz eliminatwa. Premye match la ap le 4 Septanm nan National Cricket Stadium a 4h15 PM aprè pou yo vin fè match retou a le 8 Septanm nan Stad Sylvio Cator a.

Bart di twòp depans ki pou fèt tankou pou vwayaj pou chak grenn jwè, manje, ak otèl pou yo vini nan peyi Lagrenad. Bart ajoute ke sa pral koute anpil, anpil lajan.

Nan yon laprès entèvyou, antrenè Nasyonal Grenad la, Anthony Benedict Modeste deklare apre tiraj yo, li rete kwè ekip li ap dirije a kapab bat epi elimine Ayiti pou li jwenn kalifikasyon pou Katriyèm tou eliminatwa pou Mondyal 2018 la.

Yo ap fè konnen ke malgre ekip Ayisyen an gen yon pi bon estatistik an fas seleksyon pa yo an epi gen pi bon jwè, sa pa kapab dekouraje Grenadyen pa yo an ki motive anpil pou mete Grenadye Ayiti a deyò nan kous la.

Pibon estatistik yo gen pase nou nan fas a fas ( 4 matchs, 4 viktwa pou Ayiti, NDLR) pap kapab ni dekouraje nou ni  fè nou kwè ke li ap enposib pou nou kalifye. Menmsi mwen rekonèt yo gen anpil bon jwè, men sa pa vle di sa pral fasil. Nou pral yon advèsè k’ap di epi ki ap motive anpil pou match sa” deklarasyon de Nixon.

Men Ayiti ap kenbe la……Grenadye, Alaso!

Comments

comments