President Martelly’s taste of his own medicine

An unknow author published this letter to president Martelly on Ayibopost.com. This comes right after his comments about the Dominican-Haitians deportations from the Dominican Republic. During the Chris Brown & Lil Wayne’s concert in Champs-de-Mars, Haiti, Martelly made several remarks of why he did not take a position for whats happening in DR.

WARNING: LETTER CONTAINS STRONG CREOLE LANGUAGE

"Kolangyèt manman’w pou plizyè rezon. Men mwen santi’m alèz pou’m di’w sa paske atidid ou te gen sou Channmas ki derespekte pozisyon prestijye sa ki se “Prezidans ayisyèn” lan banm otorizasyon derespekte’w paske ou pa respekte tèt ou ak tout pèp ayisyen an tou. Ou sipoze se premye nan nou tout, ou reprezante nou tout menm sa ki kont ou yo, men sa sanble pa gen okenn valè nan je ou. Anvan mwen retounen sou ou banm tou louvri kè’m bay tout sosyete sa ki aksepte nenpòt kisa de nenpot ki moun nenpot kijan. Paske malerezman se pa sèl oumenm m’anvi di de betiz nan peyi a.10418445_1127171607310515_3185090755787327286_n
Kolangyèt manman’w tou, ti bredjenn, ki te bat bravo pou Prezidan an lè li tap pase mizè Ayisyen parèy ou ke y’ap depòte yo nan betiz. Li fè’w panse ke sitiyasyon sa nòmal paske se pa premye fwa li fèt, komsi nou kondane pou wont sa yo toujou la e ke limenm, Prezidan an, pa gen okenn responsabilite ladann. Kolangyèt manman’w paske ou dako yo itilize’w tankou yon vye zouti pwopagann ki pa gen ankenn fòs refleksyon. Ou pèdi kilti’w ou ak idantite’w. Depi’w jwenn 10 goud tafya’w ak ti zokiki’w pou’w tchuip ou santi’w alèz. Rèv ou se pa pou’w kontribiye nan sosyete a yon jan ki pozitif, rèv ou se yon bout viza blan meriken. Ou pa bay konesans valè paske pou ou entelektyèl se jouman.
Kolangyèt manman sektè prive a ki pa pakèt sponsorize program Li’l Wayne ak Chris Brown men ki pa sponsorize yon twalèt pou refijye ka’p sot sendomeng yo. Nou toujou ap chache rout ki pi fasil lan. Nou sanble nou fè alèji ak pwodiksyon. Nou pwone yon filozofi Madan Sara : achte, revann. Nou pa kwè nan peyi a ninan pèp lan. Lajan nou finn fè nan revann salopri dominiken yo n’al depanse’l Sendomeng ak Mayami. Nou pa enplike nou nan edikasyon peyi nou. Nap rettann pou se Leta ki fè tout bagay. Nou se esklav Sendomeng e yo itilize nou tankou ti machann pou al vann sa yo pwodui. Nou tout ap kalkile kijan nou pral pran ti lajan dyaspora ap voye bay pèp la, nou pa kwè nan okenn veritab kreyasyon richès. Nou pa antreprenè vre nou se koutye.
Kolangyèt manman Leta Ayisyen ki pa janm fè efò pou striktire tèt li. Leta bliye ekzistans pi fò nan pitit li yo, e l’ap fonksyone ak plis ke 40 pousan nan pitit li ki pa gen batistè. Yon Leta ki konsantre pòtoprens e ki se prensipal responsab migrasyon tout pèp Ayisyen an vè Pòtoprens ak lòt gwo vil peyi a. Leta tounen yon zouti pou fè ti zanmi rich, pou koronp ti jèn fonksyonè.
Kolangyèt manman Palman an ki pa ekziste jodi a paske eleksyon pat janm fèt men ki pa’t janm ekziste avan sa tou. Palman an pa janm pwopoze anyen ki gen yonvalè serye depi plizyè lane. Se yon Palman ki kreye yon ekip palmantè ki gen sèl objektif mete tout fanmi yo ak zanmi yo touche nan biwo leta yo. Yon Palmanki se youn nan kòz Leta a vinn febli paske nenpot engredyan san konesans okipe nenpot pozisyon.
Kolangyèt manman ONG yo ki se prensipal responsab feblès Leta Ayisyen aktyèlman. Yo kreye yon gouvènman paralèl a gouvènman ayisyen an ki vinn deresponsabilize otorite nou yo. Olye ONG yo aprann pechè peche yo pito bali sak diri etranje. Yo abitye Ayisyen kemande, yo mete nou an esklavaj mantal. Yo vann nou 5 grenn kay pou yon demi milya dola, yo itilize mizè nou pou fè lajan.
Kolangyèt manman Legliz, pastè, pè, ougan ki ap simayen rayisman nan tèt ak kè tout Ayisyen. Pastè etranje fè legliz tounen biznis, ki fè ti nèg kwè se yo sèl ki konn vre mesaj Kris la. Legliz katolik sèl sa’l pwòp se fè komisyon ak gouvènman osinon met manm nan KEP. Ougan fè vodou vinn tounen sosèlri, yo bliyetout filozofi ki vinn avèk relijyon an.
Kolangyèt manman dyaspora ki panse ke 10 lane nan peyi blan an bal ekspetiz pou dirije Ayiti. Sèl sa yo pwòp se desann nan peyi a konstwi gwo matonton kay lèd, koulè dwòl pou fè wè. Lè yo desann Ayiti yo koronp mezi ti jenn fanm nan zòn yo sòti a.
Kolangyèt manman jèn ayisyen ki fèt lotbò dlo ki panse ke patriyòt se met drapo sou tèt yo lè “Labor day”. Fyète pa yo se pou yo wè sispesta meriken fè fotosou plaj Ayiti. Yo pa chache konprann peyi a, tout sa yo bezwen se fè foto nan plaj ak nan mòn pou met sou Facebook ak Instagram. Yo pa gen pyès enterè pou konprann e rantre nan nannan peyi a. Pou yo, devlopman Ayiti se pou peyi a plis sanble ak Mayami.
Kolangyèt manman ti machann ak bouretye anba lavi’l lan ki abitye tèt yo ak sant fatra a. Yo pèdi tout sans de pwòpte yo, yo kaka kote yo domi, kote yo viv.
Kolangyèt manman’w ki ouvè atik sa a akoz de tit sansasyonèl li genyen an, ki plis ap chache zen ke lide oswa bon jan enfomasyon.
Kolangyèt manman Laprès la tou ki aksepte tounen yon laprès zanmitay, ki fè dil ak gouvènman pou kache sere. Depi kilè nou tande Laprès ayisyen fè yon travay envestigasyon serye, ki dènye fwa nou tande yon diskisyon konstriktif kote pa gen voye monte ladann?
Kolangyèt manman’m tou ki pou’m te pale ak Prezidan an te oblije suiv ekzanp li e desann ba tankou’l. Kolangyèt manman’m ki pou’m te jwenn atansyon’w te oblije di betiz. Kolangyèt manman’m ki pa’t ka jwenn yon jan pi orijinal pou eksprime fistrasyon’m ak sosyete ayisyen an.
Prezidan an derespekte tèt li ak tout peyi a vandredi sa ki sot pase la, men se pa li sèlman ki derespekte peyi a, se nou tout. Nou vinn pran Ayiti pou yon espas de tranzisyon, nou pa konsidere’l tankou lakay nou vre. Chak grenn moun chache ti enterè pa’l lan epi depi zafè’n regle pwoblèm pa vwazen nou, frè nou, sè nou yo pa enterese’n. Nou se yon peyi ki a limaj Prezidan li an, oubyen Prezidan an a limaj nou. Nou se yon repiblik “I don’t care, I don’t give a damn”. M swete yon jou nou tout (mwen menm tou) n’ap konprann ke Ayiti pa yon pak kochon kote nou ka fè sa nou vle, jann vle, kote nou vle, lè nou pito. Li lè li tan pou nou konsidere teritwa sa tankou yon peyi, yon nasyon, li lè li tan pou nou pran wòl sitwayen nou.
Prezidan si’w ta trouve m derespektan se pa fòt mwen, se paske m te fè pati de sa ki pa’t konn Micky yo, men kounyean m konnen’l… Kolangyèt manman’w"

Comments

comments