Nonm touye papa l, epi blese manman l poutèt yo pa retounen ak manje deyò pou li

Nonm touye papa l, epi blese manman l poutèt yo pa retounen ak manje deyò pou li

Selon sa lapolis di, nonm sa a ki soti Mississippi akize nan lanmò papa l ‘ak manman l li blese avèk kout kouto, tout paske yo pa t ‘retounen avèk manje ‘Fast Food’ tankou McDonald, Burger King or Wendys pou li.

Diskisyon te premye fèt pandan manman l ak papa l retounen nan kay la. Ronald Pritchett, 32 ans, moute anle a, fòse antre l ak yon kout pie nan pòt chanm paran li, li te deja gen yon kouto nan menm epi li koumanse bay tou 2 paran yo kout kouto, daprè sa lapolis Louisiana di.

Yo jwenn papa Pritchett, ‘Percival’ benyen ak san ak mak kout kouto sou lestomak li lè depite cherif te rive nan sèn nan. Papa a vin mouri aprè li fin rive nan lopital la, selon sa nouvèl la di.

Manman l menm, ‘Renta’ tap soufri anba kout koute nan tèt li. Yo te kouri ale lopital avèk li, men li pat blese nan degre pou l pèdi lavi li, daprè sa nouvèl la di.

Rapò fè konnen polis jwenn e mete Pritchett anba kòd nan yon rezidans nan Mississippi aprè li te sove ak machin papa l touswit aprè zak la. Aprè yo fin mennen l tounen nan Louisiana, yo gen pou chaje l ak dezyèm degre pou touye papa l ak dezyèm degre pou eseye touye manman l, plis vòl oto.

Comments

comments