Mari rele madanm li nan tribunal pou twompe li twompe l ak makiyaj, mande $20,000 pou soufrans sikolojik

Nan jou apre maryaj la, yon nonm Aljeryen reveye jwenn madanm li san makiyaj pou premye fwa. E li pa kontan.

Nan menm jou an, mari a rele madanm li nan tribunal, kote li akize li poutèt li pa bèl tankou li te jwenn li anvan maryaj la.

Selon rapò a kite pibliye pa Aljeryen nouvel, Mari a ki pa te idantifye, ap chèche $ 20,000 nan domaj pou “soufrans sikolojik,”

Ou poko sezi? Ebyen rapò a kontinye e reklame lè li premye mete je sou madanm li ki te konnyea natirèl, li pa t’ rekonèt li e menm pran li pou yon “vòlè mwen panse ki te vin vòlè apatman (kay) mwen.“, mari a di.

Nan pawòl tribunal la te anrejistre, li di madanm li twompel l kòm li te konn toujou ranpli figi l ak makiyaj anvan maryaj la. ” Madanm mwen te bèl anpil e atire anvan maryaj mwen, men lè mwen leve nan maten, epi mwen jwenn ke madanm mwen te lave makiyaj la nan figi l’, mwen te pè kòm mwen te panse li te yon vòlè.” mari a te deklare nan tribunal la.

Nou pral kontinye swiv istwa sa a epi nou pral mete ajou sou plis enfòmasyon nou  resevwa.

by Emirates 247

 

 

Comments

comments