Legliz Florida voye yon manm nan koleksyon pou $ 1,000 dîme li pa t ‘bay Bondye!

YON legliz ki chita nan Tampa Florida voye yon avi delenkans bay yon nouvo manm pou fel sonje ke adoratè yo sipoze peye $1,000 oswa yap retire’l.

Kounyea ou gen dwa ap mande, ki jan yon legliz gen dwa pou l fe yon bagay konsa. Pa vre? Mwen menm tou. Men kisa legliz mande pou chak manm peye si ou bezwen adore Bondye nan tanp sa a: Premyeman, yo te mande’l pou l peye $50 pa mwa, plis $150 pou jou nom legliz la ki rele Mount Moriah, avek $250 pou anivèsè legliz la.

Manm sa li rele Candace Petterson ki fek vin abite nan Tampa, Florida. Se legliz sa ki te tou pre lakay li. ” Ki legliz ki chaje’w pou ede yo peye difikilte yo genyen? Petterson di. ”Mwen pa la a pou sa.”

Se tankou’w di’m , si’w vle pou’w yon manm nan legliz sa, fok ou peye saa,” li di. ”Si’w bezwen jwenn Bondye, li pa di anyen konsa nan bib la

Menm pitit li ki gen 11 ans yo mande’l pou l peye, men avek yon pi ba pri. $5 pa mwa ak $15 pou lot 2 anivèsè yo.

Gade lokal stasyon WFTS-TV ki te fe entevyou avek Petterson nan video sa:

www.wapkonnjojanko.com

Comments

comments