Grève nan lopital general lakoz yon jounalis mouri

Port-au-Prince, Haiti: Medya Haitienne nan ap rele fot pou yon jounalis doktè kite mouri paske yo tap fe grève.

Jefferson Michel Casseus ki travay pou Television National Haiti(TNH) te nan yon aksidan terib ki fè l soufri yon chòk grav et yo te kouri mennen l nan lopital general nan Port-au-Prince. Apre menm 2 zè de tan yo jwenn Casseus mouri atè a paske doktè yo pat janm vin tcheke sou li kom yo te nan grève.

Tout jounalis ap mande ki jan pou yo fè kite sa rive pandan se jounalis doktè yo rele pou mete nouvèl grève la deyo pou mesaj la ka pase. Jounalis Tamara Orion ki gen yon pwogram chak jou ki rele ”Haiti Aujourd’hu” sou Radio Signal FM te reyelman fache pou l tande parey li mouri nan yon kondisyon estipid konsa. ”Mwen tap asepte lanmò li avèk IV a konekte nan men li omwen” Tamara di, ” men pou l mouri apre li kouche atè poukont li pou plis ke 2 zè de tan….”

Temwen ki te la di doktè yo konnen bien se jounalis pasyan an te ye paske te gen lòt jounalis parèy li ki te akonpaye l—Menm direktè li a.

Pataje atik sa:

Comments

comments