Gran Frè Obama [MALIK] Vann Ti Frè Li Nan Yon Entèvyou

Gran frè Obama vann li nan yon entèvyou ki pase nan Radyo Milele FM nan Swahili.

Nou[WKJA] tradui yon pati nan entèvyou an ki te pibliye pa J509:

Update: [Dapre sa sous nouvel la rapote, nou rete kwe se vann li te vann let la bay papye jounal yo.]

Malik Obama : Frè m lan chanje toute bagay, li vin tounen yon lòt moun. Barack Hussein ke mwen te konnen se pa menm Barack la ki se prezidan Etazini an. Barack Obama te yon moun plis entelijan. Li te twò renmen ras la ak kontinan Afriken an. Li chita ap di li pral goumen pou libète nan Lafrik di nwa a. Men, isit la se kounyea l kapab pote goumen, li panse sèlman nan ti enterè, li ta kanmenm sonje pou bon ki nan kominote nwa a.

Milele FM : Men, sa ki fè ou panse ke Prezidan Obama pa panse ak kontinan Afrik di nwa an? Pa yon chans, èske ou pa gen yon pwoblèm pèsonèl avèk li?

Malik  : Yon pwoblèm ak li? Non, di tou. Mwen jis yon ti kras wont ak nouvo karaktè li yo. Lefèt ke li pa panse osijè de kominote li, gen anpil prèv. Chak jou, yap touye moun nwa yo enjisteman pa polis nan peyi Etazini. Epi li pa t ‘leve yon dwèt pou kondannen sa enjistis. Nan Lafrik, li chaje gwoup teworis kont frè ak sè Afriken yo. Li te patisipe nan lè Prezidan Gaddafi tonbe.[….]. lè se pou Lafrik, li mande nou fe pati nan moun Loth* yo. Li sanble telman li inyoran, li vin pa konnen ke si papa nou te fe pati de moun Loth* yo, li (Barack Obama) pa tap fèt.

Milele FM : Ou di ou pa gen yon pwoblèm ak frè ou Barack Obama. Se kisa ki te fè ou deside vann lèt li ekri alamen an?

Malik : Mwen pa janm vann lèt bay nenpòt moun. Mwen te jis bay jounal yo atire atansyon sou frè m ak fe l’ sonje ki nonm li te ye anvan sa. Men, aparamman li soud jan mwen te imajine l[…].

******Moun nan Loth yo se te moun ki omoseksyèl *******

 

Comments

comments